|
Vwala sete mon Pè ak ma Mè ki pwal nan yon misyon an Afrik men yo ap fè vwayaj la ak yon chamo. Tèlman kote a lwen lè yo rive yon kote chamo a tonbe li mouri. kounya y’ap pale kisa yo pwal fè. Kounya mon Pè di ma Mè ou konnen m pa janm wè kijan ma Mè fèt ma Mè di evre li leve rad li li montre mon Pè ma Mè di mwen menm tou m pa janm konn kijan mon Pè fèt tou non mon Pè di evre li moutre ma Mè. Epi ma Mè di oh mon Pè sal genyen li gonfle konsa mon Pè di konsa se konsal ye wi men gen de kote ou fourel li bal la vi wi. Ma Mè di evre enben fourel nan bouda chamo a la bay chamo a la vi. |
|
Se yon manman ki gen yon pitit men a chak fwa manman an ap fè twalèt li pitit la toujou wè. Gen yon jou lè li wè koko manman an li di manman “kijan yo rele sa” Manman an “di titit” Li di “ok.” Chak kote manman ale avèk misye li toujou vle jwe ak titit. Gen yon lè manman an santi li bouke, ti pitit la mande manman: “kote titit”. Manman an di: “titit mouri” Li di: “o sevre manman”, Manman an di: “wi” Epi ti pitit la di "jan’m te wè titit te santi an, manman, mwen te gentan konnen kel tap mouri." |
|
Blag: Djab La, Pou 10 Goud |
|
|
|
|
Voila se te yon neg ki tap sevi djab, yon le djab la deside pou li manje misye. li di misye "vini poum voye ou nan mache. m'ap voye-w achte kek bagay pou mwen. si ou pa pote tout sam di ou yo m'ap manje ou " djab la di misye "pote 10 goud diri, 10 goud gaz, 10 goud pwa, 10 goud lwil, 10 goud ayayay, 10 goud mayi ". misye ale li achte preske tout bagay yo. le li rive yon kote ki gen pye zoranj li pran kek pikan zoranj li byen range yo anba panye pwovizyon an epi li bay diab la li. le dya la ap retire yo, li retire pwa misye "di 10 goud patwon" li retire gaz la misye "di 10 goud patwon" li retire diri a misye di "10 goud patwon" kounye a pandan djab la ap pran sache mayi a dwet li pike nan nan pikan li di "ayayay" misye repon "pou 10 goud patwon". |
|
Blag: Dwèt de lòm pa ni zotèy de lòm |
|
|
|
|
Gen lontan sa , apre Janklod tonbe, yon chèf seksyon nan latibonit, ki te rele Passaykris Anelis Dyemet, tal patisipe nan yon seminè yo tap fè nan Potoprens, pou chèf seksyon yo, sou zafè pwoteje dwa moun.
Se te yon bagay grandyòz. Anpil gwo blan ki gen lespri ansanm avèk anpil Ayisyen ki fèk sot pase trant an ap manje poul mouri an ekzil nan peyi etranje te la pou montre pèp Ayisyen ki jan moun fèt pou respekte moun, ki jan tout moun se moun, mem lè yon moun fè yon bagay ki pa bon.
Blan ki tap fè konferans la pale de respè chèf seksyon yo pa genyen pou dwa moun. Lè blan an finn pale, li mande tout chèf seksyon ki te la yo si yo genyen yon kesyon ou byen si yo genyen yo bagay pou yo di. Passaykris Anilis, kòm nèg save, plim e lank devan letènel, fis pou lavi rès pou tè, mande la pawol. Blan an di l':" Pale, nap koute w."
Passaykris kanpe. Li monte kanson l`, li ranmase karaktè l`, epi li di: " Mwen byen kontan reyinyon sa a fèt jodi a pase genyen anpil chèf seksyon ki pa konpran afè de respekte dwèt de lòm nan. Mwen mem lèm arete vòlò yo mwen konnen fòk mwen respekte dwèt de lòm se sa ki fè mwen pa jam bat yo sou dwèt, se sou zòtèy mwen bat yo. Mwen bayo de gwo kout makak anba plat pye. Pase, kòm moun save, ki konprann filozofi’rrr, mwen konnen fòm respekte les dwèt de lòm. Tande byen mesye poun konprann byen sa blan an di a! Depi nou pa bay moun nan anken kou sou dwèt nou pa fè anyen k' pa sa! Pase dwèt de lòm pa ni zotèy de lòm, ni dèyè de lòm! " |
|
KRIK! KRAK! Yon jenòm t’ap bwonze (nan solèy la) toutouni nan yon plaj epi yon ti fi pwoche kote’l. Misye gen tan kouvri ti pati l ak yon jounal epi tifi a mande’l:
"Kisa’w sere anba jounal la?"
Yon ti jan dekontwole, misye reponn rapidman:
"Yon zwazo".
Ti lezanj lan fè yon deplase epi dòmi pran misye. O o, misye reveye nan yon lopital ak yon sèl doulè! Lapolis gen tan debake; yo mande misye sa’k pase. Li reponn:
"Mwen te nan plaj la, yon ti fi pwoche kote’m epi li pale ak mwen, apre sa manmzèl fè yon deplase epi dòmi pran’m. Lè m reveye, mwen wè se lopital mwen ye".
Toudenkou, lapolis ale nan plaj la; yo jwenn tifi a epi yo mande’l kisa’l te fè jenòm toutouni an. Tifi a reponn:
"Mwen t’ap jwe avèk zwazo’l la epi toudenkou zwazo a krache sou mwen. Donk mwen kase kou’l, mwen kraze ze li epi mwen mete dife nan nich li!" |
|
|
|
|
|